Add parallel Print Page Options

19 Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè[a] a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. 20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. 21 Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:19 limyè Limyè a vle di: Kris la. Kèk espesyalis panse se grenmesi Pawòl la lemonn vin gen konesans sou Bondye.