Add parallel Print Page Options

12 Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.”

13 Jezi reponn li: “Nenpòt moun ki bwè nan dlo sa a ap swaf ankò. 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”

Read full chapter