Add parallel Print Page Options

51 Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.”

52 Ofisye a mande: “Bò ki lè konsa li te kòmanse fè mye?”

Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”

53 Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se konsa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.

Read full chapter