Font Size
Jan 4:52-54
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 4:52-54
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
52 Ofisye a mande: “Bò ki lè konsa li te kòmanse fè mye?”
Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”
53 Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se konsa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.
54 Se te dezyèm mirak Jezi te fè apre li te fin soti Jide rive Galile.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International