Add parallel Print Page Options

Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.”

10 Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”[a]

11 Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a?

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:10 dlo ki bay lavi a Pawòl Jezi te di fanm nan kapab vle di de bagay: 1) dlo fre osinon 2) dlo ki bay lavi. Jezi te vle di “dlo ki bay lavi”. Men dam nan te konprann “dlo fre”.