Add parallel Print Page Options

34 Poutan, mwen pa vrèman bezwen yon lòt moun pou dakò avè m pou m bay prèv kilès mwen ye, men mwen fè nou sonje sa Janbatis te di nou, pou nou kapab rive sove. 35 Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan.

36 Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre.

Read full chapter