Add parallel Print Page Options

28 Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li. 29 Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.”

30 Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive.

Read full chapter