Add parallel Print Page Options

36 Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”

Jezi pale osijè Sentespri a

37 Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè! 38 Si yon moun kwè nan mwen, Bib la di sous dlo va koule soti nan kè li.”

Read full chapter