Font Size
Jan 7:50-52
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 7:50-52
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
50 Men, Nikodèm te la nan gwoup sa a. Se li menm ki t ale wè Jezi anvan sa.[a] Li te di: 51 “Èske Lalwa nou an pèmèt nou jije moun anvan nou tande yo, pou nou chache konnen kisa yo fè?” 52 Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt[b] ki soti Galile?”
Read full chapterFootnotes
- 7:50 Se li menm … anvan sa Se istwa ki rakonte Nikodèm t al pale ak Jezi nan Jan 3:1-21.
- 7:52 pwofèt De nan ansyen kopi Grèk yo genyen “Pwofèt la”, sa ta vle di “pwofèt tankou Moyiz la” ki pale nan Det 18:15. Nan Trav 3:22 ak 7:37 tout moun konprann sa vle di Mesi a, menm jan ak nan vèsè 40 ki anvan sa.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International