Font Size
Jid 11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jid 11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[a] menm wout ak Balam,[b] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[c] te fè.
12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye. 13 Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International