Font Size
Jid 13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jid 13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.
14 Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen. 15 L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International