Jid 3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Bondye ap pini moun k ap fè sa ki mal yo
3 Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout. 4 Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.
5 Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a[a] te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo.
Read full chapterFootnotes
- 1:5 Senyè a Kèk nan pi ansyen epi pi bon maniskri Grèk sou Jid genyen “Jezi” nan plas sa a. Si se “Jezi” nou aksepte kijan pi bon tèks la, li li ta sipoze ranplase “Senyè” nan vèsè 6 la tou.
Copyright © 2017 by Bible League International