Jòb 38:39-39:12
Haitian Creole Version
39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?
41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?
39 ¶ Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?
2 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?
3 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?
4 Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.
5 Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?
6 Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.
7 Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.
8 Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.
9 Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?
10 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo?
11 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?
12 Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?