Jozye 2:12-21
Haitian Creole Version
12 Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.
13 Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.
14 Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.
15 Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò.
16 Li di yo: -Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.
17 Mesye yo di l': -N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la.
18 Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.
19 Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.
20 Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.
21 Fanm lan di yo: -Mwen dakò ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l' nan fennèt la.
Read full chapter