Jozye 8:31-33
Haitian Creole Version
31 Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pa t' janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Seyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon.
32 Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l' sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la.
33 Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.
Read full chapter