Add parallel Print Page Options

Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[a] selon volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an Kris, n ap salye nou tout.

M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze.

Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.