Add parallel Print Page Options

10 Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye[a] epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye. 11 Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.

12 Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:10 fè lwanj pou Bondye Oubyen “relasyon nou vin gen ak Bondye ap pwodui tout kalite bòn zèv chak jou pi plis.”