Add parallel Print Page Options

Travay Pòl pou legliz la

24 Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la. 25 Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote. 26 Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a.

Read full chapter