Add parallel Print Page Options

26 Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a. 27 Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye. 28 Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la.

Read full chapter