Add parallel Print Page Options

Epafras pale nou tou sou renmen Sentespri a ban nou pou lòt moun.

Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou:

Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè. 10 Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye[a] epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:10 fè lwanj pou Bondye Oubyen “relasyon nou vin gen ak Bondye ap pwodui tout kalite bòn zèv chak jou pi plis.”