Add parallel Print Page Options

11 Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a. 12 Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.

13 Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo.

Read full chapter