Add parallel Print Page Options

19 Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.

20 Nou se moun ki mouri ak Kris. Fòs ki nan mond lan pa vo anyen pou nou. Poutan n ap viv tankou moun ki nan lemonn toujou. Pou kisa se bann règ sa yo k ap gide lavi nou? 21 Règ ki di: “Pa manje sa, pa goute sa, pa touche”?

Read full chapter