Add parallel Print Page Options

13 Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou. 14 Apre tout sa, sa ki pi enpòtan nan nouvo lavi a, se pou nou youn renmen lòt. Se nan renmen tout bagay mare ansanm nèt. 15 Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò.[a] Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:15 Kò espirityèl Kris la, li vle di Legliz, pèp li a.