Add parallel Print Page Options

Pa bay frè ak sè nou manti. Nou te gentan retire vye rad sa yo voye jete deja, sa vle di kalite moun nou te ye lontan an ak vye bagay nou te konn fè yo. 10 Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis. 11 Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit.[a] Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:11 moun peyi Sit Yo te gade moun peyi Sit yo kòm yon pèp ki pa sivilize, yo te pran yo pou yon pèp sovaj.