Add parallel Print Page Options

Nou menm patwon, se pou n bay sèvitè ak sèvant nou yo sa ki jis, sa yo merite. Mete nan tèt nou, nou menm tou, nou gen yon patwon nan syèl la.

Kèk bagay nou dwe fè

Pa janm bliye priye pou tout bagay epi se pou n toujou di Bondye mèsi. Priye pou mwen tou, pou Bondye louvri pòt pou Pawòl li, pou m ka rive preche mesaj Kris la. Nou konnen se rezon sa a menm ki fè m nan prizon.

Read full chapter