Add parallel Print Page Options

13 Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. 14 Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. 15 Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.

Read full chapter