Add parallel Print Page Options

Moun Bondye beni yo

27 Pandan Jezi t ap pale pawòl sa yo, gen yon fi nan foul la ki pale byen fò, li di Jezi konsa: “Ala beni Bondye beni manman ki te pote w nan vant li epi ki te ba ou tete a.”

28 Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mat 12:38-42; Mak 8:12)

29 Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[a] la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:29 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman. Apre twa jou nan vant yon gwo pwason li te soti vivan. Lè sa a, li te ale lavil Niniv pou l te pote bay pèp la avètisman Bondye te voye.