Font Size
Lik 11:30-32
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 11:30-32
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
30 Paske, menm jan Jonas te sèvi kòm yon siy pou pèp Niniv la, konsa tou Pitit Lòm nan va sèvi kòm yon siy pou moun nan jenerasyon sa a.
31 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[a] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.
32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.
Read full chapterFootnotes
- 11:31 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm pou l tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International