Add parallel Print Page Options

31 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[a] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.

32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

Yon limyè k ap klere lemonn

(Mat 5:15; 6:22-23)

33 Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:31 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm pou l tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13.