Add parallel Print Page Options

32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

Yon limyè k ap klere lemonn

(Mat 5:15; 6:22-23)

33 Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 34 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[a] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:34 Zye w reprezante jan w gade moun. Jan w konsidere moun montre tou ki kalite moun ou ye.