Add parallel Print Page Options

36 Si ou ranpli ak limyè,[a] epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”

Jezi kritike lidè relijye yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 20:45-47)

37 Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l vin manje ak li. Jezi ale, li antre lakay Farizyen an epi li chita bò tab la. 38 Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men[b] l anvan l manje.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:36 ranpli ak limyè Gade nan vèsè 34. Yon moun ki ranpli ak limyè se yon moun ki jenere, ki dou.
  2. 11:38 lave men Nan kontèks pasaj sa a, lave men an se te yon koutim Jwif yo te genyen Farizyen yo te panse ki te enpòtan anpil.