Font Size
Lik 11:37-39
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 11:37-39
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi kritike lidè relijye yo
(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 20:45-47)
37 Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l vin manje ak li. Jezi ale, li antre lakay Farizyen an epi li chita bò tab la. 38 Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men[a] l anvan l manje. 39 Men, Jezi di Farizyen an konsa: “Nou menm Farizyen yo sa nou fè a se tankou yon moun ki netwaye deyò yon gode oubyen yon plat men anndan nou se lide vòlò, lide pran tout pou nou ak mechanste sèlman ki genyen.
Read full chapterFootnotes
- 11:38 lave men Nan kontèks pasaj sa a, lave men an se te yon koutim Jwif yo te genyen Farizyen yo te panse ki te enpòtan anpil.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International