Add parallel Print Page Options

38 Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men[a] l anvan l manje. 39 Men, Jezi di Farizyen an konsa: “Nou menm Farizyen yo sa nou fè a se tankou yon moun ki netwaye deyò yon gode oubyen yon plat men anndan nou se lide vòlò, lide pran tout pou nou ak mechanste sèlman ki genyen. 40 Bann moun egare! Bondye ki kreye pati ki sou deyò a se li menm tou ki kreye anndan an.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:38 lave men Nan kontèks pasaj sa a, lave men an se te yon koutim Jwif yo te genyen Farizyen yo te panse ki te enpòtan anpil.