Add parallel Print Page Options

41 Bay pòv yo sa w ta renmen gade pou ou menm. Lè sa a ou ap pwòp nèt.

42 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo, paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye sitwonèl ak lòt kalite plant nou yo. Men, kanta pou pratike lajistis, pou nou renmen Bondye, nou kale yo bèl vag. Tandiske se sa pou ne te fè, san n pa neglije lòt bagay yo tou.

43 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ki renmen pran plas devan nan sinagòg yo ak lè moun ap montre respè pou nou lè y ap salye nou nan mache yo.

Read full chapter