Add parallel Print Page Options

44 Malè pou nou, paske nou tankou yon bann tonm ki pa make. Moun ap mache sou nou san yo pa konnen kijan nou malouk anndan nou.”

45 Apre sa, youn nan direktè Lalwa yo pran lapawòl li di: “Mèt, lè ou ap di bagay sa yo ou ensilte nou tou wi nou menm.”

46 Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo.[a] Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:46 oblije … obeyi yo Literalman, “Nou mete sou do pèp la fado ki byen lou, ki difisil pou yo pote.”