Font Size
Lik 11:45-47
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 11:45-47
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
45 Apre sa, youn nan direktè Lalwa yo pran lapawòl li di: “Mèt, lè ou ap di bagay sa yo ou ensilte nou tou wi nou menm.”
46 Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo.[a] Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. 47 Malè pou nou paske nou bati bèl tonm pou pwofèt yo, men, se zansèt nou yo ki te touye yo.
Read full chapterFootnotes
- 11:46 oblije … obeyi yo Literalman, “Nou mete sou do pèp la fado ki byen lou, ki difisil pou yo pote.”
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International