Add parallel Print Page Options

46 Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo.[a] Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. 47 Malè pou nou paske nou bati bèl tonm pou pwofèt yo, men, se zansèt nou yo ki te touye yo. 48 Lè nou fè sa, nou montre nou dakò ak sa zansèt nou yo te fè, lè yo te touye pwofèt yo, paske yo te touye yo, nou menm nou bati tonm pou yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:46 oblije … obeyi yo Literalman, “Nou mete sou do pèp la fado ki byen lou, ki difisil pou yo pote.”