Add parallel Print Page Options

49 Se poutèt sa Bondye di nan sajès li: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Y ap touye kèk ladan yo epi y ap pèsekite rès yo.

50 Konsa, nou menm ki fè pati jenerasyon sa a, Bondye ap pini nou pou san tout pwofèt ki te koule depi okòmansman lakreyasyon pou jis kounye a. 51 L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari,[a] sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:51 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testamanan ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, Zakari se dènye moun yo te touye. Gade nan Jen 4:8-11 ak 2 Kw 24:20-25.