Font Size
Lik 11:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 11:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mande Bondye sa w gen bezwen
(Mat 7:7-11)
5 Apre sa, Jezi di yo: “Sipoze youn nan pami nou la a ta al kote yon zanmi l nan mitan lannuit, ou di l: prete m twa pen, 6 paske m gen yon zanmi ki fèk rive lakay mwen la a soti an vwayaj epi m pa gen anyen pou m ta ba l manje. 7 Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International