Add parallel Print Page Options

51 L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari,[a] sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.

52 Malè pou nou, nou menm direktè Lalwa! Nou kenbe kle pou louvri pòt konesans pawòl la nan men nou. Epoutan nou pa aprann anyen ladan l pou tèt nou epi nou anpeche lòt moun aprann tou.”

53 Lè Jezi kite kote l te ye a, Skrib yo ak Farizyen yo te kòmanse ap di move pawòl sou li. Yo te tonbe kwense l ak kesyon pou wè si fè l di yon pawòl ki pa sa.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:51 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testamanan ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, Zakari se dènye moun yo te touye. Gade nan Jen 4:8-11 ak 2 Kw 24:20-25.