Add parallel Print Page Options

Piga nou sanble ak Farizyen yo

12 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou[a] moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat. Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:1 parèt tankou Literalman, “Ipokrizi”.