Add parallel Print Page Options

31 Akòde plis enpòtans a wayòm Bondye a pito, epi l ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.

Pa mete konfyans ou nan lajan

32 Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan. 33 Vann tout sa nou genyen epi bay pòv kòb la. Si nou fè sa, n ap gen yon bous ki p ap janm gen twou. N ap gen yon trezò k ap dire pou tout tan nan syèl la,[a] kote vòlè pa ka jwenn li, kote mit pa ka manje l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:33 Oubyen “Chache gen yon bous ki p ap janm ize, sa vle di yon trezò nan syèl la ki p ap janm fini.”