Add parallel Print Page Options

36 Se pou nou rete tankou sèvitè k ap tann mèt yo tounen sot nan yon fèt maryaj. Kou l frape nan pòt la pou yo gentan louvri pou li san pèdi tan. 37 Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje. 38 L ap bon nèt pou sèvitè sa yo si mèt la vini vè minwi osinon vè twazè dimaten menm epi li jwenn yo ap veye.

Read full chapter