Add parallel Print Page Options

48 Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li.

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Mat 10:34-36)

49 Mwen vini pou m simaye yon dife sou latè. M swete m te wè dife sa limen deja. 50 Gen yon kalite batèm[a] mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:50 batèm Mo sa a ki nòmalman vle di plonje anba dlo nèt, gen yon sans espesyal nan ka sa a. Li vle di kouvri osinon “antere” nan soufrans.