Add parallel Print Page Options

52 Apati de jodi a, si gen senk moun nan yon fanmi, y ap divize twa kont de, de kont twa.

53 Papa ap leve kont pitit gason li,
    pitit gason ap leve kont papa li;
manman ap leve kont pitit fi li,
    pitit fi ap leve kont manman li;
bèlmè ap leve kont bèlfi,
    bèlfi ap leve kont bèlmè.”[a]

Jan pou nou konprann tan an

(Mat 16:2-3)

54 Apre sa, Jezi di foul la: “Lè nou wè nyaj ap gonfle sou bò solèy kouche a, nou di: Li pral fè yon kokenn chenn lapli, epi sa rive vre jan nou di a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:53 Gade nan Mi 7:6.