Add parallel Print Page Options

56 Bann ipokrit! Nou konn kijan pou n entèprete bagay sou fas tè a ak nan syèl la pou nou konnen ki tan l ap fè, pou kisa atò nou pa ka entèprete bagay k ap pase nan tan sa a kounye a?

Chache rezoud pwoblèm nou ant nou menm

(Mat 5:25-26)

57 Pouki sa nou pa ka jije pou tèt nou tou kisa ki dwat ak kisa ki pa dwat? 58 Si yon moun gen pwoblèm ak ou epi li rele w nan tribinal. Etan nou nan wout pra l nan tribinal la, se pou ou chache antann ou ak moun nan pou bagay la pa rive devan jij. Si se pa sa, l ap trennen w devan jij la, jij la menm ap lage w nan men lapolis, epi lapolis ap lage w nan prizon.

Read full chapter