Add parallel Print Page Options

Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”

Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w

(Mat 10:32-33; 12:32; 10:19-20)

M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo. Men, moun ki di devan moun li pa konnen m, m ap di m pa konnen l tou devan anj Bondye yo.

Read full chapter