Font Size
Lik 13:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 13:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Chanje kè nou
13 Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo. 2 Jezi reponn, li di yo: “Èske nou panse moun Galile sa yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan peyi yo ki fè yo te masakre yo konsa? 3 Non, se pa vre. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International