Font Size
Lik 13:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 13:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi geri yon fi ki te malad yon jou saba
10 Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. 11 Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. 12 Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International