Add parallel Print Page Options

23 Yon moun poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, èske se kèk grenn moun sèlman k ap sove?”

Jezi reponn yo: 24 “Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab. 25 Lè mèt kay la gentan leve fèmen pòt li, si ou vin kanpe dèyè pòt la ap frape, li p ap ouvè pou ou. Ou mèt te di: Mèt, mèt, louvri pou nou, l ap reponn nou: Mwen pa konnen nou. M pa konn kote nou soti.

Read full chapter